Depatman Dlo Potab ak Egou Miami-Dade (WASD) pral bay yon lòd demaraj travo (Notice to Proceed) nan premye semèn mwad me pou enstale yon kondwit prensipal alimantasyon dlo 24 pous nan Sid Miami-Dade. Travo yo va koumanse nan fen mwad me pou fini an otòn 2008.
Pwojè a va enstale yon kondwit prensipal alimantasyon dlo 24 pous ki konpoze de metal fleksib ki pase sou yon ti bout distans wout SW 296 Street nan sid Miami-Dade, koumanse SW 162 Aveni rive jis alès kanal C-103. Depans estime pou pwojè a se apeprè $700,000 pou entale yon fè tiyo anba kanal la.
Pwojè a va afekte sikilasyon sou SW 296 Street lan. Dè zòm ak drapo ak pannkat va kanpe la pandan travo yo ap fèt pou pèmèt trafik sikile. Nan moman aktyèl ke enstalasyon an ap fèt anba kannal la, pon ki pase sou kannal la ap fèmen pou sikilasyon detanzantan pou yon ti bout tan. Lè sa rive, otomobilis yo va vire fè lòt wout nan zòn lan. kondwit prensipal alimantasyon dlo 24 pous la va evantyèlman distribye dlo sòt nan Santral Tretman Dlo South Miami Heights (SMHWTP) ki pral fèt la. Pwojè sa-a ak
SMHWTP fè pati amelyorasyon kapital $1,9 milya WASD ap fè a okou de pwochen deseni yo, konsa pou reponn kondisyon Pèmi Izaj Dlo 20 an ke Distrik Jesyon Dlo Sid Florid te bay WASD an 2007 la. Pou plis enfòmasyon sou Pèmi Izaj Dlo 20 an (WUP) la, ale sou sit wèb santral WUP WASD la nan http://www.miamidade.gov/wasd/wup.asp.