For Immediate Release:
April 23, 2009

Media Contact:
John Labriola
jlabr@miamidade.gov
786-469-5420



Miami-Dade pral inogire wout Metrorail ki lye ak ayewopò a


(Miami-Dade County, FL) -- 
Imajine yon jou lè w ka jis pran yon tren Metrorail pou ale ayewopò. Pa gen afè blokis. Pa gen afè peye pakin byen chè nan ayewopò. Pa bezwen rele taksi.

Jou sa a pral vini.

Mwa pwochen, Miami-Dade Transit (MDT) pral inogire yon ekstansyon Metrorail 2,4-mil sòti nan estasyon Earlington Heights la rive Miami Intermodal Center kap konstwi akote Ayewopò Entènasyonal Miami.

Seremoni inogirasyon an pou Konektè MIC-Earlington Heights la pwograme pou vandredi, 1e me  a 10 a.m. nan lokal kote estasyon Miami Central Station la pral konstri a, ki chitan nan Northwest 25th Street ak 38th Court. Majistra Konte Miami-Dade Carlos Alvarez, manm yo nan Komisyon Konte Miami-Dade ak yon kantite ofisyèl eli federal, eta ak lokal epi kèlke diyitè pral patisipe nan seremoni an. Yo envite piblik la vin patisipe.

Pa kowensidans, evennman an ap fèt nan menm mwa ke Metrorail ap selebre 25èm ane li depi ke sistèm lan te lanse le 20 me 1984, epi inogirasyon an ap enkli yon selebrasyon anivèsè, kote ap gen gato ak ti goute.

Direktè MDT la Harpal Kapoor di konsa: "Mwen pa ka panse a yon bi bon fason pou selebre premye vennsenk ane Metrorail la ke pou inogire yon travo konstriksyon sou pwochen faz sistèm lan". "Konektè MIC-Earlington Heights la ap sèvi kòm yon baz nan devlopman Miami-Dade kòm yon kominote klas mondyal nan kreye yon sistèm transpò piblik rapid pou fè koneksyon ak ayewopò disponib pou dè milye vizitè, rezidan ak travayè ki vwayaje ale sòti MIA chak jou nan ane a".

Pwograme pou ouvè an 2012, Konektè MIC Metrorail la se pwojè konstriksyon pi enpòtan Konte a depi ouvèti sistèm Metrorail la, epi li se fyète Plan Transpòtasyon Pèp la (PTP), ki te apwouve pa votè Miami-Dade yo an 2002.

Miami Intermodal Center, yon pwojè Depatman Transpòtasyon Florid, ap sèvi kòm sant transpò santral konte a, kap lye tout mwayen transpò atè yo, ki enkli Metrorail, bis, Tri-Rail, Amtrak ak yon enstalasyon lokasyon machin santralize. Pasaje yo va konekte a ayewopò a atravè yon ti tren elektrik ki va lye MIC ak MIA.


MIC core


Reprezantasyon atistik de Miami Intermodal Center ak estasyon Miami Central Station


 

# # #

 

MIAMI-DADE TRANSIT
Overtown Transit Village
701 NW 1st Court, 17th Floor Miami, FL 33136
786-469-5420
Residents South of SW 216 St: 305-891-3131