Anfòm pou Jwe, Plezi pou Lavi! 9 Jen – 15 Dawout 2008
Miami-Dade Parks ofri timoun aje de 6-14 an yon varyete kan jeneral ak kan espesyalize ke yo fè nan pliske 40 pak nan tout Konte Miami-Dade.
Entwodiksyon Anfòm pou Jwe
Pwogram Kan Jeneral
Kan Espò
Kan pou Timoun ki Enfim
Kan Atizana Kiltirel
Kan Lanati
Pwogram Akwatik/Aprann Naje
Di yon Zanmi epi Ekonomize!
En Español
In English
Objektif Pwogram Kan Vakans Ete Miami-Dade Parks Anfòm pou Jwe, Plezi pou Lavi se pou ede fanmi acheve bòn sante atravè patisipasyon yo nan dè aktivite plezan epi mete yo an bon fòm fizik ak aprann yo bon abitid nitrisyon.
Pandan epòk ete an, jèn yo pral ogmante batman kè yo ak nivo eksitasyon yo nan danse, naje, fè paten, jew baskèt, sote kòd ak anpil lòt bagay. Yo pral aprann yo jwèt ki plezan e aktif ak egzèsis ke tout fanmi an ka fè ansanm pandan ke yap vin gen meyè sante.
An asosyasyon ak University of Miami Health System, lidè rekreyasyon Miami-Dade Parks yo pral pataje bon abitid manje pou rete an bòn sante ak gide timoun yo nan aktivite ki pral ba yo enèji pou jwi kan nou yo ki chaje ak aksyon.
Objektif nou se pou aprann timoun yo yon bon kalite lavi pozitif ak bòn sante. Nou vle ke yo vin Anfòm pou Jwe pou ke yo ka gen Plezi pou Lavi. Nan fen ete a, Miami-Dade Parks pral selebre siksè kondisyonnman fizik patisipan kan yo ak yon kèmès ki pral gen manèj, jwèt ak espektak.
Patisipan kan yo pral kontinye jwi aktivite kan jeneral ak kan espesyal yo ak deplasman flann edikasyonèl ki enkli vizit nan Miami Metrozoo, Crandon Park and Biscayne Nature Centers, Deering Estate nan Cutler, Pelican Island ak Joseph Caleb Auditorium pou pyès teyat Magic City Monday.
Paran yo pral gen lespri yo anpè paske yo konnen ke pitit yo ap jwe, ap aprran, e yap vin fizikman anfòm nan yon anviwonnman ki an tout sekirite a yon pri abòdab. Kan yo ap fèt de 4 Jwen-17 Dawout e yap louvri jou lasemèn de 9è dimaten a 5è nan lapremidi, e yo ka depoze timoun yo depi 7è 30 dimaten e al chèche yo a 6è diswa. Pou plis enfòmasyon, rele pak piblik ki sou lis la.
Sèvis Enfimite: Timoun ki gen enfimite yo byenveni pou patisipe nan tout pwogram yo. Anplwaye Aksè Lwazi yo pral ede pou yo enkli timoun ki enfim ki kalifye nan tout pwogram kan vakans ete yo ki apwopriye pou yo. Yo ka anplwaye yon entèprèt pou timoun ki soud ak paka tande byen (fòk ou fè demann sa a sèt jou anvan ke patisipasyon an komanse). Rele 305-755-7848 (pou moun ki soud ak paka tande byen) pou pran yon entèprèt, pou resevwa èd nan patisipasyon oswa pou mande materyèl nan yon fòma ki aksesib.
top
Pwogram Kan Jeneral (laj 6-14 an)
Nan kan jeneral Miami-Dade Parks yo, timoun yo pral trè kontan ak aktivite yo e yo pral fè yo jwe foutbòl Ameriken, baskèt, foutbol ayisyen, tenis, natasyon, epe, atizana, jwèt tablo ak sòti edikasyonèl. Patisipan kan yo pral patisipe nan yon pwogram fizik ak nitrisyon ki fèt pou ede timoun yo vin Anfòm pou Jwe, pou ke yo ka gen Plezi pou Lavi.
Pak ki sou lis la baze sou adrès yo ki nan direksyon nò a sid Konte Miami-Dade.
Nò
Ojus Park, 18995 W. Dixie Hwy., 305-931-5726
- Arcola Park, 1680 NW 87 St., 305-835-7987
- Arcola Lakes Park, 1301 NW 83 St., 305-836-5095
- Country Village Park, 6550 NW 188 Terr., 305-622-2594
- Gwen Cherry Park (Y.E.T.), 7090 NW 22 Ave., 305-694-4889
- Highland Oaks Park, 20459 NE 24 Ave., 305-932-2164
- Jefferson Reaves, Sr. Park, 3090 NW 50 St., 305-635-2081
- M. L. King, Jr. Park, 6100 NW 32 Ct., 305-633-2044 *
- Marva Y. Bannerman Park, 4830 NW 24 Ave., 305-633-4064
- Oak Grove Park, 690 NE 159 St., 305-944-8670
- Ojus Park, 18995 W. Dixie Hwy., 305-931-5726
- Olinda Park, 2101 NW 51 St., 305-633-4066
- Norman and Jean Reach Park (P.S.N.), 7901 NW 176 St., 305-823-2414
- North Glade Park, 17355 NW 52 Ave., 305-621-2461
- Soar Park, 100 NW 83 St., 305-756-4165
- West Little River Park, 2326 NW 84 St., 305-694-5096
Santral
Sid
top
Kan Espò
Kan “Cheerleading”/Dans (laj 6-14 an)
Anpran sote, chante ak teknik dans modèn ak djaz yo. Pwogram lan enkli sòti edikasyonèl.
-
Tamiami Park, 10901 SW 24 St., 305-223-7070, ekst. 294/295
-
Arcola Park, 1680 NW 32 Ct., 305-835-7987
Kan Basket (laj 8-14 an)
Anplwaye ki byen antrene pral aprann teknik ekip ak endividyèl an sèvan ak antrenman defansif ak ofansif pou amelyore teknik ak konesans yo nan jwèt la. Pwogram lan enkli sòti edikasyonèl ak tounwa.
Kan Foutbòl Ameriken (laj 9-17 an)
Sa a se yon kan entansif sou fondamantal foutbòl Ameriken, ki enkli antrenman teknik pozisyon, sesyon film ak match 7-sou-7. Natasyon fè pati pwogram lan.
Kan Foutbòl (laj 8-16 an)
Jènjan ak jèn fi gen dwa devlope teknik yon an foutbòl. Pwogram lan enkli antrenman ak match.
Kan Bekàn Montay “Mountain Bike” (laj 7-17 an)
Jènjan ak jè fi gen dwa devlope teknik yo nan monte bekàn de nivo debitan a avanse baze sou plizyè pis bekàn ak antretyen pis bekàn.
Kan Gòlf (laj 7-17 an)
Aprann baz gòlf oswa rafinen teknik ou ak amize w nan patisipe nan tounwa. Pwogram lan enkli sòti edikasyonèl ak prim. Sesyon yon semèn chak de 4 - 29 Jen epi 9 Jwiye – 3 Daout. Sesyon tout jounnen an (9 a.m.-3 p.m.) ak mwatye jounnen an disponib (9 a.m.-12 p.m.)
-
Briar Bay Golf Course, 9399 SW 134 St
-
Greynolds Golf Course, 17530 West Dixie Hwy., 305-949-1741
-
Palmetto Golf Course, 9300 SW 152 St., 305-238-7507
Kan Tenis (laj 6-15 an)
Aprann fondamantal tennis.
9 a.m. - 12 p.m. oswa 9 a.m. - 4 p.m.
-
Tamiami Tennis Center, 11201 SW 24 St., 305-223-7076
-
Continental Tennis Center, 10001 SW 82 Ave., 305-271-0732
-
Ives Estate Tennis Center, 1475 Ives Dairy Rd., 305-652-7260
-
Crandon Park Tennis Center, 7300 Crandon Blvd., 305-365-2300
National Junior Tennis League [Divizyon Nasyonal Jinyò Tennis] (laj 14 an ak mwens)
Òganizasyon non-pwofi sa a founi leson tenis ak ekipman gratis a jènjan yo nan sèten pwogram kan jeneral. Pou plis enfòmasyon, rele 305-666-8103.
top

Kan pou Timoun ki gen Enfirmite
Kan Espesyalize
Timoun ak jènjan ki gen enfimite pral santi yo anrichi de eksperyans kan an, ki enkli espò, natasyon, atizana ak sòti edikasyonèl.
-
(laj 6-18 an) Coral Estates Park, 1405 SW 97 Ave., 305-222-2128
-
(laj 6-18 an) Tamiami Park, 11201 SW 24 St., 305-222-2128
-
(laj 6-18 an) Camp Matecumbe, 11400 SW 137 Ave.,305-752-4966
-
(laj 6-12 an) Westwind Lakes Park, 6805 SW 152 Ave., 305-388-4771
-
(laj 6-18 an) Goulds Park Gymnasium, 11350 SW 216 St., 305-255-2399
-
(laj 6-18 an) Camp Greynolds, Greynolds Park, 17530 W. Dixie Highway, 305-755-7848
Kan Espò Chèz Woulant Jinyò (laj 6-16 an)
Timoun ki gen yon enfimite fizik pral aprann teknik pou espò ak rekreyasyon pou chèzwoulant. Sòti edikasyonèl, atizana ak akwatik.
Camp Matecumbe, 11400 SW 137 Ave., 305-752-4966
Kan Lèza Kiltirèl
African Heritage Cultural Arts Center (laj 6-16 an)
“Summer Arts Academy” nan African Heritage Cultural Arts Center founi enstriksyon devlopman nan la vizyèl, dans, desinen kostim, mizik nan teyat, dram, ak mizik enstrimantal ak vokal. Elèv yo ap pran sis klas pa jou ak pwofesyonèl nan lèza. Nan konklizyon pwogram nèf semèn sa a, yap kenbe yon gwo konsè nan Joseph Caleb Auditorium pou montre nouvo akonplisman elèv yo.
Raíces Hispanic Heritage Cultural Arts Center (laj 6-14 an)
”Summer Arts Camp” fèt pou kiltive tradisyon valè kilti nan kominote Panyòl yo ak klas dans, mizik, teyat, la vizyèl ak fòklò. Elev yo gen dwa chwazi kou pami yon varyete klas ki entwodwi lèza nan kilti Panyòl lan nan yon fason ki enteresan ak ge, ki prezante pa pwofesyonèl lèza ki kalifye.
Kan Lanati
Bill Graham Farm Village Summer Camp (laj 6-14 an)
Timoun ki leve lavil pral gen sans lavi pwovens nan kan sa a, ki enkli aktivite nan fèm, etid agrikilti epi abitid ak diferan bèt.
Camp Manatee (laj 6-14 an)
Jènjan ak jèn fi pral pran plezi yo nan eksplore anviwonnman Sid Florid. Aktivite yo enkli kanotaj (laj 9 an ak plis), pwomnad nati, jwett, atizana, soti edikasyonèl, ak etid pesonèl sou nati. Tem anviwonman yo chanje chak semèn.
Camp on the Sea [Kan sou Lanmè] (laj 12-16 an)
Sa se yon pwogram agreyab sou syans ekoloji/marin Sid Florid ki enkli fè kannòt, kayak ak “snorkeling” nan Biscayne Bay ak nan lòt lokal Sid Florid.
Camp Cutler Nature Camp [Kan Nati Kan Culter] (laj 9-12 an) ak Turtle Camp [Kan Toti] (laj 6-8 an)
Ti gason ak ti fi pral aprann tout bagay konsènan lanati nan aktivite pèsonèl, jwèt, kannòt, lapèch, atizana, sòti edikasyonèl, pwomnad marin ak prezantasyon zanimo vivan.
Camp Silver Palm [Kan Silver Palm] (laj 6-12 an)
Timoun yo pral eksplore mèvèy nati an nan jwèt, atizana ak sòti edikasyonèl nan zòn natirèl tankou Everglades National Park.
Nature Detectives [Detektif Lanati] (laj 6-8 an) ak Nature Explorers Camp [Kan Eksploratè Lanati] (9-12 an)
Jwi edikasyon sou lanati nan jwèt, atizana, etid faun, natasyon, sòti edikasyonèl ak kannòt.
Kan Dekouvèt ak Kreyativite Atistik Deering
Kan Dekouvèt Deering : Laj 6 a 13 an.
Syans, divètisman, lanati ak plezi ! Timoun yo pral eksplore anviwonnman natirèl ak istorik Abitasyon an anmenmtan ke yap mete lamen nan sèten aktivite. Dè sesyon de senk jou , dis jou disponib apati de 9 jen rive 15 dawout.
Kan Kreyativite Atistik : Laj 6-9 an.
Timoun yo pral sèvi ak Vilaj Atis nou an, egzibisyon nou yo ak Atis an Rezidans la pou eksplore yon balans ant lèza klasik ak atizana tradisyonèl nan dekò natirèl e istorik Abitasyon an. Timoun yo pral patisipe nan dè aktivite ranpli plezi, baze sou lèza tankou desinen, pentire, eskipti, ak fotografi. Genyen de sesyon de dis jou disponib : 9 jen rive 20 jen epi 4 dawout rive 15 dawout.
Summer Zoofari (laj 4-10 an)
Miami Metrozoo ofri timoun yo yon kan rekreyasyon ak amizman baze sou syans zannimo. Timoun yo pral fè ti goute pou bèt yo. Aktivite yo enkli diskisyon ak anplwaye ki okipe bèt yo, prezantasyon faun ak atizana. Kan an ap fèt de 4 Jen – 3 Dawout de 9 a.m.-3:30 p.m. ak depoze timoun yo a 8:30 a.m. Swen siplemantè (gadri) disponib jiska 5:30 p.m.
Kan Lanati Dòmi Leve
Eco-Adventure Camp (laj 11-14 an)
Dekouvri lòt figi Miami pandan kan 5 jou ak dòmi nan kabin peyizan (ansyen). Timoun yo pral viv divèsite ekosistèm Sid Florid lan lè yo pral fè pwomnad, kayaki, kannòt ak “snorkeling”. Aktivite yo pral enkli tou tire epe, atizana natirèl ak anpil lòt bagay. Rele 305-365-3018 pou plis enfòmasyon.
top
Pwogram Akwatik/Aprann Naje
Pwogram Vwalye pou Jèn nan Amelia Earhart (laj 9-15 an)
Nan aktivite pesonèl, jènjan ak jènfi yo pral aprann tout bagay konsènan navigasyon, ki enkli lak yo pou pratike navigasyon, konpetisyon, ak evennman espesyal ak sekirite nan dlo.
Aprann Naje
Pwofesè ki sètifye pa Lakwa Wouj Amerikèn Sekirite nan Dlo pral aprann jènjan ak jèn fi yo. Yo pral ofri diferan nivo klas pou granmoun ak timoun yo, epi ak Tiny Tots (laj 3-5 an). Pou plis enfòmasyon oswa pou anrejistre, rele lokasyon pisin ki enterese w lan. Pou enfòmasyon konsènan pwogram Adaptive Aquatics pou timoun ki enfim, rele Miami-Dade Parks Leisure Access Services nan 305-755-7848 (V/TDD) (Pou moun ki soud ak pwoblèm vizyon).
*Pisin ki aksesib a moun ki gen enfimite.
-
A.D. Barnes, 3401 SW 72 Ave., 305-665-1626
-
Arcola, 1680 NW 87 St., 305-691-5104
-
Cutler Ridge, 10100 SW 200 St., 305.238.5344
-
Goulds, 21840 SW 114 Ave., 305-233-0537
-
Helen Sands (South Dade), 16350 SW 280 St., 305-248-1386
-
Little River, 10525 NW 24 Ave., 305-696-7651
-
Marva Y. Bannerman, 4829 NW 24 Ave., 305-635-2461
-
Naranja, 14150 SW 264 St., 305-258-4534
-
Palm Springs North, 7901 NW 176 St., 305-558-3762
-
Rockway, 9460 SW 27 Dr., 305-223-8742
-
Richmond (Sgt. Delancy Park), 14450 Boggs Dr., 305-238-5692
-
Tamiami, 11201 SW 24 St., 305-223-7077
-
Tropical Estates, 10201 SW 48 St., 305-221-5041
top
Di yon Zanmi epi Ekonomize!
Paran, pale zanmi w konsenan jan pitit ou an te amize l pandan li te nan kan eke Miami-Dade Parks yo. Epi poutèt ou bay yon bon mo de sa, Miami-Dade Parks pral ba ou yon rabè de 50 pousan sou pri dezyèm semèn kan pitit ou an, depi ke pitit zanmi w lan patisipe nan omwen yon sesyon kan dete.
Kondisyon: Pou kalifye pou rabè 50 pousan, fòk zanmi ke ou mennen nan kan an pat janm enskri nan yon Kan Vakans Ete Miami-Dade Parks. Fòk oumenm ak zanmi w lan paye premye semèn kan an lè n ap enskri. Yon rabè pa timoun, pa sesyon ete. Pwomosyon an pa enkli Miami Metrozoo, pwogram Tennis ak Golf.
second week of camp fee, providing your friend’s child attends at least one session of summer camp.
top
|