Yon pyès kay ki gen sekirite, se yon kote nan kay ou oswa nan bilding ou rete a ki ranfòse pou li kapab reziste lè gen yon siklòn, oswa yon danje chimik, radyolojik, oubyen byolojik. Si w vle enfòmasyon sou pyès ki gen sekirite yo, ak sou jan ou kapab fè youn lakay ou, gade nan adrès entènèt sa a: www.fema.gov/mit/saferoom.
Si ou pa gen yon pyès kay ou ki ranfòse pou sekirite, chwazi yon pyès anndan kay la ki pa gen anpil, oswa ki pa gen okenn fenèt ni pòt ki bay sou deyò (tankou yon plaka nan yon koulwa) pou sèvi kòm "pyès pou sekirite" pwovizwa.
Si ou pa resevwa direktiv pou kite kay la, sèvi avèk pyès kay ou chwazi kòm "pyès pou sekirite" a pou ede w jwenn pwoteksyon pandan yon ijans. (Nòmalman, yon pyès ki pa ranfòse pou sekirite pa kapab bay pwoteksyon nan yon woulòt pandan yon ijans, si se gwo van ki lakòz ijans lan.)
Pou Rekoumanse Aktivite Nòmal apre yon Ijans
Otorite lokal yo pral fè popilasyon an konnen lè yo sèten danje a fini. 4 desizyon ki kapab posib apre moun pran refij lakay yo, se:
- Rekoumanse aktivite nòmal yo san restriksyon.
- Fè lè antre nan refij la, men rete anndan kay.
- Soti nan refij la.
- Ale rete nan yon kote yo chwazi pou sikonstans lan.
|