
Majistra Carlos Alvarez de Konte Miami-Dade, Prezidan Komisyon Dennis C. Moss ak manm yo de Asanble Komisyonè Konte-a an patenarya ak Depatman Transpòtasyon Florida (FDOT) ak Majistra Manny Diaz de Vil Miami, ansanm ak kominote an epi lidè yo nan sektè komèsyal la te rasanble jodiya nan seremoni siyati akò finansye ki mete pwojè Tinèl Pò Miami-a sou pye.
Majistra Carlos Alvarez te di konsa, "menmjan ke yon kanal maritim kreye pa lèzòm ke nou rele "Government Cut" te transfòme Pò Miami pou 20yèm syèk la, Tinèl Pò a pral transfòme pò maritim nou an pou 21yèm syèk la". Li te kontinye esplike, "nou pa kapab jis pase sou enpòtans Tinèl Pò a, ni diminye valè li oswa jis ranvwaye li- sitou nan tan ekonomik sa-a. Pandan konstriksyon li, nap kreye dè santèn nouvo djòb, kenbe pò maritim nou an konpetitif epi transfòme anba lavil Miami-a".
Majistra Many diaz de Vil Miami te ajoute, "Jodiya se yon gran jounen de fyète pou Vil Miami, Konte Miami-Dade ak pou tout Eta Florid la alawonnbadè". Li di, "Pwojè Tinèl Pò Miami a se yon envestisman nan avni Vil nou a, lap kreye djòb, pwoperite ekonomik, ak pote yon byen anviwonnmantal dirab pou kominote nou an, anmenmtan kenbe nou konpetitif mondyalman".
Konstriksyon an, ki planifye pou kòmanse nan sèt mwa, enkli yon tinèl anba wout "Government Cut", travo woutye sou zile yo "Dodge and Watson Islands" ak elajisman pon "MacArthur Causeway Bridge". De gran tib, chak 3,900 pye an lon ak 41 pye an dyamèt, pral rive a 120 pye pwofondè anba dlo-a. Pwojè a pral amelyore aksè rantre- sòti de Pò Miami-a, li pral desèvi kòm yon wout ki konekte Pò-a ak wout MacArthur Causeway (State Road A1A) ak I-395. Yo atann yo aske Tinèl la va ouvè pou sikilasyon vè 2014.
Pou plis enfòmasyon sou pwojè Tinèl Pò Miami-a, tanpri ale sou http://www.portofmiamitunnel.com.